our remmendation/ pour votre enfant

Support École Vision Millénaire

Check out this great resource on Amazon:

VIEW ON AMAZON

As an Amazon Associate, I earn from qualifying purchases.

Bonnes vacances à tous ! Prudence et sécurité sous le soleil d'Acul des Pins

 


Chers parents, chers élèves de l'École Vision Millénaire,

Le moment tant attendu est enfin arrivé ! Demain, les portes de l'école se ferment pour laisser place aux vacances d'été. C'est le moment de se reposer, de jouer et de faire le plein d'énergie après une année bien remplie.  

Mais attention : nous partons en vacances avec notre corps et notre esprit, pas avec nos livres ! Cela signifie que même en vacances, les bonnes manières, le respect, la discipline et les conseils de sagesse appris à l'école doivent continuer à guider nos actions chaque jour.

Pour que cet été reste une fête pour toutes nos familles, la direction tient à vous rappeler quelques consignes de sécurité essentielles.

Chè paran, chè elèv Lekòl Vision Millénaire,

Moman nou tout t ap tann lan rive vre! Demen, pòt lekòl la ap fèmen pou n bay vakans ete a plas. Se moman pou nou repoze nou, pou nou jwe, epi pou nou ranmase fòs apre yon ane ki te byen chaje.

Men, atansyon : nou pral nan vakans ak kò nou ak lespri nou, men se pa ak liv nou yo! Sa vle di, menm lè nou nan vakans, bon fason, respè, disiplin ak tout bèl konsèy sajès nou te aprann nan lekòl la dwe kontinye gide aksyon nou chak jou.

Pou ete sa a ka rete yon fèt pou tout fanmi yo, direksyon an ap mande nou pou n swiv kèk konsiy sekirite ki enpòtan anpil.

 La rivière de Diassa est strictement déconseillé aux enfants seuls

Nous lançons un appel solennel à tous les enfants : n' allez pas vous baigner dans la rivière de Diassa seuls . Cette rivière est extrêmement trompeuse et très dangereuse pour les enfants, même pour ceux qui pensent savoir nager. Les courants et la profondeur dans certains points ou endroits peuvent surprendre à tout moment. S'en approcher seul, c'est prendre un risque inutile. Protégez votre vie, restez loin de Diassa !

N ap voye yon gwo apel bay tout timoun yo : pa ale benyen nan rivyè Dyasa a poukont nou.

Rivyè sa a ka tronpe vijilans nou   epi li danjere anpil pou timoun, menm pou sa yo ki panse yo konn naje. Kouran dlo a ak fon li nan kèk kote ka siprann nou nenpòt lè. Lè yon timoun pwoche bò kote l poukont li, se yon gwo risk l ap pran pou lavi li san bezwen. Pwoteje tèt nou, rete lwen rivyè Dyasa a!

 La règle d'or de l'été : Toujours accompagnés !

Que ce soit pour une promenade, pour aller au jardin, ou pour n'importe quel déplacement à l'extérieur, voici la règle absolue : Ne sortez jamais seuls.

  • Toujours avec un adulte : Les enfants doivent obligatoirement se faire accompagner par leurs parents ou par un adulte de confiance dès qu'ils quittent la maison.

  • Prévenir avant de partir : Les parents doivent toujours savoir exactement où vous êtes et avec qui.

  • La vigilance partout : Que vous alliez vers les champs, les sentiers ou les zones habitées, le danger peut être évité si un adulte est à vos côtés pour veiller sur vous.

  • Kit se pou yon bèl pwonmennad, kit se pou ale nan jaden, oswa pou nenpòt lòt deplasman deyò, men règleman ki pa gen jwèt nan sa a : Pa janm soti poukont nou.

    • Toujou ak yon granmoun : Timoun yo gen obligasyon pou yo mache ak paran yo oswa ak yon granmoun yo fè konfyans depi yo kite lakay yo.

    • Bay nouvèl anvan nou pati : Paran yo dwe toujou konnen egzakteman kote nou ye ak ak ki moun nou ye.

    • Vigilans toupatou : Kit nou pwale  nan jaden, nan ti chemen yo, oubyen nan zòn kote moun rete, n ap evite danje si gen yon granmoun bò kote nou k ap veye sou nou.

Bel été à la communauté de l'École Vision Millénaire !

Les vacances sont magnifiques quand elles se déroulent dans la joie et la sécurité. Prenez soin de vous, respectez ces consignes et revenez-nous en pleine forme et en bonne santé l'année prochaine !

La Direction de l'École Vision Millénaire d'Acul des Pins

Vakans lan ap pi bèl lè li pase nan lajwa ak nan sekirite. Pran swen tèt nou, respekte konsiy sa yo, epi tounen vin jwenn nou anfòm ak lasante  lot ane!

Direksyon Lekòl Vision Millénaire d'Acul des Pins.

Bonnes vacances à tous ! Prudence et sécurité sous le soleil d'Acul des Pins

  Chers parents, chers élèves de l'École Vision Millénaire, Le moment tant attendu est enfin arrivé ! Demain, les portes de l'école ...