our remmendation/ pour votre enfant

Support École Vision Millénaire

Check out this great resource on Amazon:

VIEW ON AMAZON

As an Amazon Associate, I earn from qualifying purchases.

Èske bwè dlo ka anpeche maltèt lekòl?



klike isi pouw benefisye yon kado espesyal: https://www.effectivegatecpm.com/w4v4ch1n?key=2a189173ad26e5979e4dd15dddab0832

 Nan lekòl Vision Millénaire, nou remake anpil elèv konn plenyen pou maltèt bò 11h  . Anpil fwa, se pa leson an ki twò di, men se kò a ki manke dlo!

Poukisa dlo enpòtan konsa? Kò nou tankou yon motè ki bezwen dlo pou l fonksyone. Lè yon timoun ap kouri nan rekreyasyon oswa l ap mache nan solèy anba chalè Acul des Pins, li pèdi anpil dlo nan transpirasyon. Si li pa ranplase dlo sa a:

  1. Sèvo a flayi: Sèvo a gen anpil dlo ladan l. Lè l manke dlo, li rale kò l yon ti kras, sa ki bay gwo doulè nan tèt.

  2. Fatig rapid: San dlo, san an vin pi epè, kè a travay pi di, epi timoun nan santi l san fòs.

  3. Mank konsantrasyon: Yon elèv ki swaf pa ka konsantre sou sa pwofesè a ap di.

3 ti konsèy Klib Jesyon Doulè a bay:

  • Pa tann ou swaf: Depi ou santi bouch ou sèk, se siy ke kò a te bezwen dlo depi lontan.

  • Goute dlo chak poz: Chak fwa yon klas fini, pran de (2) ti kòp dlo.

  • Boutèy pèsonèl: Nou ankouraje chak paran pou yo bay pitit yo yon boutèy dlo (menm si se yon ansyen boutèy soda ki byen netwaye) pou yo ka bwè pandan yo nan klas la.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pouvwa yon Loup: Kijan École Vision Millénaire ap Reveye Sèvo Elèv Primè yo ak 5 Eksperyans Syantifik Fasil

  Nan epòk kote timoun yo pase anpil tan devan ekran telefòn ak tablèt, nan École Vision Millénaire , nou pran angajman pou nou konekte elèv...