Anpil fwa, elèv yo konn santi yo fatige oswa yo gen doulè tèt nan apremidi. Nan Klib Jesyon Doulè lekòl Vision Millénaire, nou dekouvri ke souvan se paske yo pa bwè ase dlo pandan jounen an. Nan zòn Acul des Pins, kote solèy la cho, li enpòtan pou nou veye si timoun yo byen idrate.
Men poukisa dlo enpòtan pou yon elèv:
Evite doulè tèt: Sèvo nou bezwen dlo pou l fonksyone. Lè yon moun manke dlo, premye kote sa frape se nan tèt.
Plis enèji: Dlo ede san an sikile pi byen pou pote oksijèn nan tout kò a. Sa fè timoun nan pa santi l lous.
Pi bon konsantrasyon: Yon timoun ki byen idrate konprann leson pi vit epi li pa distrè fasil.
Nou ankouraje chak paran pou yo voye yon ti boutèy dlo pwòp ak timoun nan chak jou lekòl
Commentaires
Enregistrer un commentaire