Nan epòk n ap viv la, nou souvan tande pale de estrès lakay granmoun. Men, èske nou konnen timoun yo tou ap sibi gwo presyon? Nan domèn (neuro-éducation), syantifik yo dekouvri gen de pwodui chimik natirèl nan sèvo a k ap mennen yon gwo batay an kachèt lakay timoun yo : dopamine ak cortisol.
Yonn reprezante chimen siksè, motivasyon ak kè kontan; lòt la reprezante laperèz, blokaj ak estrès. Antanke paran oswa edikatè, konprann kijan de òmòn sa yo travay ka ede nou chanje nèt fason n ap leve ak fason n ap anseye timoun yo.
1. Ki sa Dopamine nan ye ? (Òmòn Motivasyon ak Rekonpans)
Dopamine nan se yon nerotransmetè, sa vle di yon mesajè chimik sèvo a lage lè yon moun santi yon plezi oswa lè li reyalize yon objektif. Yo rele l souvan "òmòn rekonpans lan".
Lè yon timoun ap jwe yon jwèt li renmen, lè li jwenn solisyon yon pwoblèm matematik ki te difisil, oswa lè yon pwofesè ba li yon bèl ankourajman, sèvo l anvayi ak dopamine.
Efè dopamine sou aprantisaj timoun nan :
Li ogmante konsantrasyon : Yon timoun ki gen dopamine nan sèvo l pap fòse tèt li pou l swiv nan klas; li anvi konnen lafen istwa a.
Li fasilite memwa : Sèvo a anrejistre pi vit enfòmasyon ki vini ak yon sansasyon plezi.
Li bay gwo motivasyon : Dopamine nan pouse timoun nan vle rekòmanse, vle aprann plis, epi depase limit li.
2. Ki sa Cortisol la ye ? (Òmòn Estrès ak Bloke Sèvo)
Cortisol la se yon òmòn glann adrenal yo sekrete lè timoun nan santi l an danje, lè yo rele sou li, oswa lè li nan yon anviwònman ki gen gwo presyon. Yo rele l "òmòn estrès".
Nan tan lontan, cortisol la te la pou ede moun kouri pou bèt sovaj. Lè l moute, li mete kò a an mòd "batay oswa kouri" (fight or flight). Men jodi a, bèt sovaj yo tounen : kreyon yo fòse timoun nan kenbe mal, kaye ki chire, oswa kreyòl ak franse yo fòse l aprann ak dlo nan je.
Efè cortisol sou sèvo timoun nan :
Li bloke memwa a : Èske sa pa janm rive w kote yon timoun konn leson l byen pwofite nan kay la, men devan egzamen an oswa devan yon granmoun k ap gwonde, li bliye tout bagay? Se travay cortisol la. Li "koupé kouran" nan zòn sèvo k ap jere memwa a (l'hippocampe).
Li touye kreyativite : Yon timoun ki pè pap janm ka envante, desine, oswa bay bon repons, paske tout enèji l ap pase nan defann tèt li pou yo pa pini l.
Li febli sistèm iminitè a : Yon timoun ki toujou anba estrès kwonik ap tonbe malad fasil (mal de tèt, mal vant, grip).
+-----------------------------------------------------------------------+
| BATAY LA NAN SÈVO TIMOUN NAN |
+------------------------------------+----------------------------------+
| DOPAMINE | CORTISOL |
+------------------------------------+----------------------------------+
| * Pouse pa : Jwèt, ankourajman, | * Pouse pa : Laperèz, fòs, |
| kiryozite, lanmou. | kriye, imilyasyon. |
| | |
| * Rezilta : Aprantisaj fasil, | * Rezilta : Blokaj mantal, |
| kè kontan, kreyativite. | bliye leson, rebelyon/moul kò. |
+------------------------------------+----------------------------------+
3. Lè Cortisol la pran kontwòl : Danje estrès kwonik la
Modènizasyon ak sistèm lekòl tradisyonèl yo souvan bati sou presyon. Lè yon timoun ap viv nan yon kay kote gen gwo goumen chak jou, oswa nan yon lekòl kote fwèt ak pinisyon se sèl fason pou fè l mache dwat, nivo cortisol li rete wo nèt ale. Sa a se sa yo rele estrès kwonik.
Lè estrès la vin kwonik, li lakòz gwo dega nan devlopman timoun nan. Li detwi koneksyon neron yo nan zòn cortex préfrontal la (zòn ki responsab pou pran bon desizyon ak jere emosyon). Yon timoun konsa ka vin parèt "tèt di", agresif, oswa li ka fèmen tèt li sou kò l epi pèdi tout konfyans nan tèt li. Se pa paske l pa entèlijan, se sèvo l k ap nwaye nan cortisol.
4. Kijan pou n fè Dopamine la genyen batay la? (Pedagoji Rezilyans ak Kè Kontan)
Chans pou nou, antanke paran ak edikatè, nou gen pouvwa pou n chanje chimi nan sèvo timoun yo. Nou ka kreye aktivite ak anviwònman k ap booste dopamine epi desann nivo cortisol la. Men kèk estrateji pratik :
A. Chanje fason nou korije erè yo
Olye nou di : "Ou pa janm ka fè anyen byen ! Gade kijan w manti !" (Sèvo a lage Cortisol), Nou dwe di : "Erè sa a montre m kote w bezwen ti èd. Ann refè l ansanm, m konnen w ap jwenn li fwa sa a." (Sèvo a lage Dopamine).
B. Entegre jwèt nan aprantisaj la (Ludopédagogie)
Sèvo timoun nan fèt pou l aprann pandan l ap jwe. Lè nou transfòme yon leson an jwèt, an defi, oswa an istwa enteresan, timoun nan ap sekrete dopamine san l pa rann kont li, epi l ap kenbe leson an pou tout lavi l.
C. Valorize efò a, pa sèlman nòt la
Si yon timoun travay di epi li jwenn 6 sou 10, ankouraje travay li te fè a. Si nou kritike l paske l pa jwenn 10 sou 10, pwochen fwa li pap gen motivasyon pou l eseye menm, paske laperèz (cortisol) ap pran plas la.
D. Kreye moman pou kò a bouje ak kreyativite
Espò, desen, teyat, ak aktivite manyèl (tankou travay kwi, koud, oswa jadinaj) se gwo sous dopamine. Yo pèmèt timoun nan santi l itil, yo devlope lòt entèlijans lakay li, epi yo desann tout tansyon estrès ak akimilasyon cortisol ki te nan kò l pandan jounen an.
Konklizyon : Yon chwa pou avni yo
Chak mo nou di yon timoun, chak anviwònman nou mete l, gen yon efè dirèk sou chimi sèvo li. Nou pa ka mande yon timoun pou l bay pi bon rannman nan lekòl oswa nan lavi si sèvo l ap nwaye anba cortisol ak laperèz.
Chwa a nan men nou : Èske n ap kontinye itilize metòd ki fè timoun yo pè ak estrèse, oswa èske n ap vin tounen "machann dopamine"? Lè nou bati yon edikasyon ki baze sou ankourajman, sou rezilyans, ak sou respè emosyon yo, n ap pèmèt timoun yo devlope tout potansyèl yo epi grandi ak yon sèvo ki an bòn sante.
Ronel, directeur de l École Vision Millénaire, psychopédagogue

