our remmendation/ pour votre enfant

Support École Vision Millénaire

Check out this great resource on Amazon:

VIEW ON AMAZON

As an Amazon Associate, I earn from qualifying purchases.

Kleb Edikasyon sou Dlo : Yon Angajman pou Sante ak Lavi

 


                                                     Yon Angajman pou Sante ak Lavi

Nan École Vision Millénaire, nou kwè edikasyon pa dwe rete nan liv sèlman ; li dwe antre nan lavi chak jou. Se ak anpil fyète nou prezante Klib Edikasyon sou Dlo, yon inisyativ ki fè pati pwogram Pain Health Tech.

 Misyon Klib la

Klib Edikasyon sou Dlo a pa la pou anseye teyori sèlman. Misyon li se fòme yon nouvo jenerasyon Anbasadè Sante nan Acul des Pins, ki konprann valè dlo pou kò ak pou lespri, epi ki kapab pataje konesans sa yo ak fanmi yo ak kominote a.

💧 Sa n ap fè nan klib la

  • Siveyans idratasyon : Elèv yo aprann kijan pou yo konnen si yo bwè ase dlo chak jou.

  • Atelye “Dlo ak Doulè” : Nou montre kijan dlo pwòp ka ede evite maltèt, doulè nan jwenti ak fatig nan klas.

  • Laboratwa pratik : Elèv yo aprann kijan pou yo rekonèt dlo ki bon pou bwè ak fason senp pou trete dlo lakay.

Poukisa sa enpòtan pou paran yo

Yon timoun ki byen idrate se yon timoun ki aprann pi vit, ki gen plis enèji, epi ki rareman malad. Lè pitit ou fè pati Klib Dlo a, li pote bon pratik sa yo lakay, sa ki ede tout fanmi an viv pi byen san depanse twòp nan medikaman.

 Apèl pou kominote a

Nou envite paran ak tout manm kominote a pou ankouraje elèv yo pote dlo pwòp chak maten. Avèk fòmasyon sa yo, nou kapab redui maladi ki soti nan move dlo tankou dyare, kolera, ak lòt maladi idrik.

Pwovèb la di : sa w pran pou jwèt ka tounen bagay serye. Anpil fwa, moun panse maladi ki soti nan dlo se mistik, men se edikasayon ak ijyèn ki pi bon pwoteksyon.

📞 Pou plis enfòmasyon : WhatsApp Klib la 3242 0239

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Pouvwa yon Loup: Kijan École Vision Millénaire ap Reveye Sèvo Elèv Primè yo ak 5 Eksperyans Syantifik Fasil

  Nan epòk kote timoun yo pase anpil tan devan ekran telefòn ak tablèt, nan École Vision Millénaire , nou pran angajman pou nou konekte elèv...