Accéder au contenu principal

Yon batay kont doulè kwonik

 

https://www.effectivegatecpm.com/w4v4ch1n?key=2a189173ad26e5979e4dd15dddab0832

pandan tout peyi a ap fete, ekip Klib Jesyon Doulè nan École Vision Millénaire la te rete mobilize pou kominote Acul des Pins an. Enfimri ak depatman syantifik  nou an, ki nan kè lekòl la, te resevwa 15 pasyan ki t ap soufri anpil.

Yon batay kont doulè kwonik

Doulè kwonik se yon chay ki lou pou anpil fanmi nan zòn nan. Jodi a, espesyalis nou yo te bay swen pou ka sa yo:

  • Doulè nan do ak nan janm: Nou trete plizyè ka Lonbalji ak Sciatique ki t ap anpeche moun yo mache byen.

  • Doulè nan jwenti: Nou bay soulajman pou moun ki gen Arthrose, Arthrite, ak Polyarthrite rhumatoïde.

  • Maltèt ak tansyon: Nou jere ka Céphalée de tension kote pasyan yo te santi tèt yo prèt pou klate.

  • Doulè Dyabèt: Nou bay swen espesyal pou douleur neuropathique ki lye ak maladi sik (dyabèt).

Poukisa nou fè sa nan yon lekòl?

Nan École Vision Millénaire, nou kwè edikasyon mache ak sante. Si yon paran ap soufri, pitit li pap ka aprann byen. Si yon timoun gen doulè, lavni li an danje. Se sa k fè nou mete enfimri sa a disponib pou bay swen ak konsèy pratik.

Sipòte Misyon Nou an

Travay sa a mande materyèl ak medikaman. Avèk 413 vizitè nou genyen sou blog sa a jodi a, si chak moun bay yon ti kontribisyon, n ap ka trete 30 moun ki pa genyen gwo mwayen!


Èske w tavle ede nou achte oubyen fe noukado materyèl ultrason pou enfimri a?

kontakte nou sou nimero watsap sa 509 32420239. konsa timoun tankou granmoun kap soufri pou fe analiz avanse yo ap delivre.


 

 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

L'eau peut-elle prévenir les maux de tête à l'école ?

Cliquez ici pour découvrir d'autres conseils de santé pour vos enfants:    https://www.effectivegatecpm.com/w4v4ch1n?key=2a189173ad26e5979e4dd15dddab0832  À l' École Vision Millénaire , nous remarquons souvent que de nombreux élèves se plaignent de maux de tête aux alentours de 11 heures du matin. Bien souvent, la cause n'est pas la difficulté des leçons, mais simplement une déshydratation du corps ! Pourquoi l'eau est-elle si importante pour l'apprentissage ? native async <script async="async" data-cfasync="false" src="https://pl28417803.effectivegatecpm.com/3eaedd6e344d143b58ecad5d3c21b33b/invoke.js"></script> <div id="container-3eaedd6e344d143b58ecad5d3c21b33b"></div> Le corps humain fonctionne comme un moteur qui a besoin d'eau pour rester performant. Lorsqu'un enfant court pendant la récréation ou marche sous le soleil chaud d' Acul des Pins , il perd beaucoup d'eau par la transpir...

Yon Nouvo Vizyon pou Edikasyon nan Acul des Pins: Plis pase yon Lekòl!

  https://www.effectivegatecpm.com/w4v4ch1n?key=2a189173ad26e5979e4dd15dddab0832 Nou kontan anpil pou nou ouvri pòt blog ofisyèl École Vision Millénaire la! Sitiye nan kominote Acul des Pins, lekòl nou an, ki rekonèt legalman pa MENFP , se yon espas kote timoun yo ap prepare pou yo vin lidè demen, depi nan nivo preskolè rive nan fondamantal. Vision Création: Aprann ak Men nou Nan École Vision Millénaire, nou kwè edikasyon dwe pratik. Se sa ki fè nou lanse pwojè Vision Création . Atravè inisyativ sa a, elèv nou yo pa sèlman li liv, men yo aprann metye ki ka sèvi yo nan lavi a: Atelye Sandal: Timoun yo ap dekouvri kijan pou yo kreye soulye ak men yo, sa ki devlope pasyans ak kreyativite yo. Atelye Kosmetoloji: Yon fason pou yo aprann pran swen kò yo epi konprann baz pwodwi bote ak ijyèn yo. Sante ak Bien-être Lekòl la gen yon konsiderasyon espesyal pou sante elèv yo. Se pou sa nou mete sou pye Klèb Jesyon Doulè a, pou akonpaye timoun yo nan devlopman fizik ak emosyonèl yo, yon fa...

Èske bwè dlo ka anpeche maltèt lekòl?

klike isi pouw benefisye yon kado espesyal:  https://www.effectivegatecpm.com/w4v4ch1n?key=2a189173ad26e5979e4dd15dddab0832  Nan lekòl Vision Millénaire , nou remake anpil elèv konn plenyen pou maltèt bò 11h  . Anpil fwa, se pa leson an ki twò di, men se kò a ki manke dlo! Poukisa dlo enpòtan konsa? Kò nou tankou yon motè ki bezwen dlo pou l fonksyone. Lè yon timoun ap kouri nan rekreyasyon oswa l ap mache nan solèy anba chalè Acul des Pins, li pèdi anpil dlo nan transpirasyon. Si li pa ranplase dlo sa a: Sèvo a flayi: Sèvo a gen anpil dlo ladan l. Lè l manke dlo, li rale kò l yon ti kras, sa ki bay gwo doulè nan tèt. Fatig rapid: San dlo, san an vin pi epè, kè a travay pi di, epi timoun nan santi l san fòs. Mank konsantrasyon: Yon elèv ki swaf pa ka konsantre sou sa pwofesè a ap di. 3 ti konsèy Klib Jesyon Doulè a bay: Pa tann ou swaf: Depi ou santi bouch ou sèk, se siy ke kò a te bezwen dlo depi lontan. Goute dlo chak poz: Chak fwa yon klas fini, pran de (2) ti kò...