Lè Lekòl Rankontre Atizana
Chak vandredi maten nan École Vision Millénaire, nou leve ak yon sèl misyon : ofri timoun nou yo yon edikasyon ki ale pi lwen pase liv ak kaye. Nou kwè fòmasyon yon moun dwe konplè, li dwe touche ni lespri l, ni kè l, epi sitou, men l. Se nan lide sa a, maten an, sal klas nou yo te chanje figi nèt pou yo tounen yon vrè sant kreyasyon ak atizana.
Nou te gen gwo onè ak privilèj pou n akeyi Pwofesè Edu, yon ekspè marokinye ki soti tou dwat nan vil Fò-Libète. Li te deplase vin jwenn nou nan kominote Akil dè Pen pou l pataje yon konesans ak yon pasyon ki inik ak elèv nou yo. Pandan plizyè èdtan, timoun yo pa t sèlman koute yon pwofesè k ap pale, men yo te antre an kontak dirèk ak yon metye ki mande disiplin, entèlijans ak pasyans.
Anpil moun konn gade marokinri (travay kwi) kòm yon senp aktivite dekorasyon oswa yon ti lwazi pou pase tan. Men, nan École Vision Millénaire, nou gade l ak je yon syantifik. Fabriquer yon bous, yon sentiron , yon sandal, se yon melanj ki pasone ant jewometri apliké ak teknoloji materyo.
Anba je byen veyatif Pwofesè a, elèv yo te dekouvri tout sekrè ki kache dèyè fabrikasyon yon objè an kwi. Atelye a te divize an twa gwo etap syantifik :
Preparasyon kwi a : Timoun yo te aprann konprann kijan yon matyè natirèl, ki soti nan bèt, kapab sibi transfòmasyon pou l vin tounen yon objè solid, dirab, ki ka reziste anba tan ak lapli. Sa a se yon bèl leson syans natirèl ak chimi apliké.
Presizyon trasaj la : Isit la, jewometri a te pran tout sans li. Timoun yo te konprann pou kisa pwofesè matematik la toujou ap mande yo pou yo presi nan mezi yo. Pwofesè Edu montre yo si yon liy manke yon milimèt, moso kwi yo pap janm ka kache oswa anbwate byen. Presizyon se kle a.
Teknik asanblaj la : Etap sa a te mande anpil adrès ak kòdinasyon. Timoun yo te dekouvri kijan pou yo koud, kole, epi fòme kwi a. Sa mande yon gwo pasyans ak mouvman men yo (la dextérité) pou transfòme yon senp moso po bèt an yon objè ki itil pou lavi toulejou.
Pandan l t ap gade ak gwo sezisman kijan ekspè a t ap manyen zouti yo ak yon vitès estraòdinè, gen yon elèv ki pa t ka kenbe bouch li fèmen k ap pouse yon rèl kontantman : « Pwofesè Edu ka fabrike tout sa l imajine ak kwi ! » Pawòl sa a montre kijan timoun yo te enpresyone pa ajilite ak talan pwofesyonèl sa a.
Aprann pandan wap Fè
Pou jèn nou yo nan Akil dè Pen, maten sa a pa t yon maten lekòl tankou tout maten. Se te yon okazyon an lò pou yo te rann yo kont yon gwo verite : teknoloji a pa kòmanse nan òdinatè oswa nan gwo machin gwo faktori yo, li kòmanse anvan tout bagay nan men lòm.
Nan yon mond kote yo panse tout bagay fèt ak bouton, montre yon timoun kijan pou l kreye yon objè ak pwòp men l se pi bèl kado nou ka ba li. Jodi a, chak timoun pap tounen lakay li ak yon senp bous an kwi yo te ba li kòm kado; y ap tounen lakay yo ak yon bous yo fabrike ak pwòp men yo.
Sa ki pi enpòtan toujou, se pa objè kwi a yo pral montre paran yo, men se fyète a. Fyète pou yo di : "Se mwen ki te mezire l, se mwen ki te koupe l, epi se mwen ki te asanble l." Santiman fyète sa a devlope sa nou rele nan pedagoji rezilyans lan : "konfyans nan tèt yo". Lè yon timoun reyalize li ka kreye yon bagay ki itil, li vin konprann li gen pouvwa pou l chanje reyalite l tou.
Yon edikasyon pou lavi ak pou avni peyi a
Atelye sa a ak Pwofesè Edu antre dwat nan vizyon École Vision Millénaire la. Pou nou menm, edikasyon pa ka rete sèlman nan teyori. Si nou vle fòme lidè pou demen, nou dwe ba yo kapasite pou yo pratik, pou yo konn valè travay manyèl, epi pou yo kapab kreye pwòp biznis yo pita.
Lè nou pote ekspè tankou Pwofesè Edu nan lekòl la, n ap fè de gwo aksyon enpòtan anmenmtan :
Nou ap valorize talan peyi nou : Nou montre timoun yo ke nou pa bezwen tann moun lòt bò dlo vin montre nou sa pou n fè. Nou gen moun ki gen gwo konnesans ak gwo talan nan depatman Nòdès la, tankou nan vil Fò-Libète. Nou dwe onore yo epi aprann nan men yo.
Nou ap devlope konpetans pratik : Yon timoun ki gen yon metye nan men l, se yon granmoun ki pap janm pè demen. Atizana a louvri lespri yo sou antreprenarya. Yo kòmanse konprann kijan yo ka transfòme yon matyè premyè an yon pwodwi fini ki gen gwo valè sou mache a.
Yon gwo mèsi pou yon gwo enspirasyon
Nou pa ka fini atik sa a san nou pa voye yon gwo MÈSI ki soti nan fon kè nou pou Pwofesè Edu. Mèsi pou jenerozite l, mèsi paske li te asepte kite travay li pou l vin pase tan ak timoun yo, epi mèsi pou gwo enspirasyon li te ye pou yo maten an. Li montre timoun yo ke ak pasyon, disiplin ak travay di, moun ka rive kreye bèl bagay ak sa yo gen nan men yo.
Atravè aktivite sa yo, École Vision Millénaire ap kontinye simen grenn limyè, kreyativite ak rezilyans nan kè timoun Akoul dè Pen yo. N ap konstwi yon lekòl kote entèlijans la travay ansanm ak kè a ak men yo, pou yon pi bèl demen pou chak elèv, ak pou yon pi bèl avni pou chè patri nou, Ayiti!
Kisa w panse de bèl jounen marokinri sa a? Kite yon kòmantè pou ankouraje timoun yo ak Pwofesè Edu, epi pataje atik la pou montre tout moun bèl travay k ap fèt nan École Vision Millénaire !